Dokiman Legal

Kondisyon Sèvis ak Itilizasyon

Tanpri li kondisyon sa yo avèk atansyon anvan ou sèvi ak platfòm DJR Akademi an.

Dènye maj : 8 Sèptanm 2026

1. Akseptasyon Kondisyon Yo

Lè ou kreye yon kont, achte yon fòmasyon, yon ebook, oubyen ou rezève yon sèvis coaching sou DJR Akademi, ou rekonèt ke ou li, konprann ak aksepte tout kondisyon jeneral d'itilizasyon sa yo san okenn rezèv.


2. Aksè ak Kont Itilizatè

Chak kont kreye sou DJR Akademi se pou yon sèl itilizatè endividyèl. Ou responsab pou kenbe mo de pas ou an sekirite. Pataje yon kont oubyen revann aksè ak kont ou bay lòt moun se yon vyolasyon ki ka mennen nan suspansyon kont lan san ranbousman.


3. Peman ak Validasyon

DJR Akademi aksepte peman pa MonCash, NatCash, ansanm ak kat bankè (Visa, MasterCard ak lòt kat ak Lemon Squeezy). Peman yo fèt an Gourdes (HTG) oubyen Dola Ameriken (USD). Aksè ak pwodui dijital yo (kou ak ebook) oswa konfimasyon coaching an debloke otomatikman sou kont ou lè tranzaksyon an valide.


4. Politik Ranbousman ak Annilasyon

  • Pwodui dijital (Kou & Ebooks) : Akòz nati dijital imedyat kontni an, achte fòmasyon ak ebook yo se peman final san ranbousman apre aksè an fin debloke.
  • Sesyon Coaching : Si ou bezwen ranvwaye yon sesyon coaching, tanpri kontakte nou omwen 24 èdtan anvan lè konfime an. Yon rezèvasyon ki an atant peman ap ekspire otomatikman si peman an pa fèt nan tan limite an.

5. Pwopriyete Entèlektyèl

Tout videyo, tèks, ebook, materyèl ak kontni ki sou DJR Akademi se pwopriyete eksklizif DJR Akademi. Li entèdi pou kopye, redistribiye, anrejistre pou revann oubyen pibliye okenn kontni san otorizasyon ekri anvan.


6. Konfidentialite ak Cookies

DJR Akademi pa sèvi ak okenn cookies piblisitè oubyen cookies pou swiv (tracking). Sèl cookies ki itilize se cookies teknik ki nesesè pou kenbe ou konekte nan kont ou an sekirite.