Konsènan DJR Akademi

Aprann sèvi ak entelijans atifisyèl pou w ka sispann razè.

DJR Akademi se pou Ayisyen ki pa vle rete dèyè nan epòk entelijans atifisyèl la. Li fèt pou kreyatè kontni, antreprenè, elèv, pwofesyonèl, lidè, pastè, paran, vandè, politisyen ak tout moun ki vle aprann pale pi byen, kreye pi byen, vann pi byen, epi konstwi yon lavi ki gen plis opòtinite.

100% bati sou pratik ak fè lajan pou tout bon
Mwayen peman lokal ki fasil (MonCash & Natcash)
Swivi pèsonalize ak yon kominote etidyan ki motivé
Etidyan DJR Akademi
Aprantisaj Fasil ak Soupl

"Fòme w ak moun ki mèt nan domèn nan epi transfòme konesans ou an lajan."

600+ Etidyan ki pasyone Nan tout Ayiti ak nan dyaspora a
98% Nivo satisfaksyon Avis pozitif ki verifye
24/7 Aksè san limit Aprann nan pwòp rythm ou

Poukisa pou w Chwazi DJR Akademi ?

Nou retire tout tèt chaje nan fason moun te konn aprann anvan pou n ba w yon ekspeyans ki fasil, rapid epi ki bay rezilta.

Ekselans ak Pratik

Chak kou fèt pou w ka sèvi ak li menm kote a nan lavi reyèl la, san pèdi tan nan teyori ki pa itil.

Peman Lokal ki Fasil

Nou rann aprantisaj la fasil lè nou aksepte MonCash, Natcash ak kat bankè san okenn tèt chaje.

Coaching ak Mentora 1:1

Jwenn yon swivi pèsonalize pou w debloke pwojè w yo epi rive nan objektif ou pi vit.

Otonomi Finansyè

Misyon prensipal nou se ba chak etidyan konpetans solid pou yo reyisi nan mond dijital la.

Mesaj Fondatè a

Jean Ronald Dumervil

Otè, Fòmatè & Kreyatè Kontni

“Apre m fin ranmase plizyè milyon vyouz, gen prèske yon milyon moun kap swiv mwen, fè plizyè dizèn milye dola benefis sou entènèt la, mwen konkli ke: Mond lan gen ase richès pou tout moun jwenn epi viv byen. Men sa pa anpeche gen yon gwoup moun kap viv nan richès ak yon lòt gwoup kap viv nan povrete.”

Liy ki separe de gwoup moun sa yo rele konesans. Se pou sa DJR Akademi fonde: pou elimine liy sa a, men tou kraze baryè povrete sa a nan lavi tout Ayisyen ki vle.

DJR Akademi se pou Ayisyen ki pa vle rete dèyè nan epòk entelijans atifisyèl la.

Li fèt pou kreyatè kontni, antreprenè, elèv, pwofesyonèl, lidè, pastè, paran, vandè, politisyen ak tout moun ki vle aprann pale pi byen, kreye pi byen, vann pi byen, epi konstwi yon lavi ki gen plis opòtinite.

Anpil moun gen kapasite, men yo pa gen direksyon. Yo pa konn kijan pou yo kreye kontni, kijan pou yo bati yon mak, kijan pou yo pale pou enfliyanse, ni kijan pou yo itilize sa yo deja konnen pou fè lajan.

Sou DJR Akademi, gen kou, ebook, konsiltasyon, coaching prive, ak sèvis pratik ki ede w aprann vit, aplike fasil, epi avanse ak plis konfyans.

DJR Akademi pa sèlman baze sou teyori. Se eksperyans Jean Ronald Dumervil kòm otè, fòmatè, kreyatè kontni, oratè, ak moun ki ap travay chak jou pou ede Ayisyen devlope konpetans yo, itilize teknoloji, epi pa rete viktim povrete, mank opòtinite, ak mank direksyon.

Kategori & Sèvis

4 Gwo Kategori Sèvis DJR Akademi

Eksplore katalòg la
Kategori 1

KOU (Fòmasyon Videyo)

Fòmasyon videyo konplè ki bati pa modil pou w ka mèt sou entelijans atifisyèl, kreyasyon kontni, pale an piblik ak biznis dijital nan pwòp rit ou.

Kategori 2

EBOOK (Liv Dijital PDF)

Gid PDF ki klè, pratik ak konsèy dirèk, ou ka telechaje ak aksepte menm kote a sou telefòn ou oswa konpitè w pou avanse rapid.

Kategori 3

KONSILTASYON AK SÈVIS PRATIK

Konsiltasyon Pèsonalize :

  • Konsiltasyon Brand Pèsonèl
  • Konsiltasyon Kreyasyon Kontni
  • Konsiltasyon Biznis Dijital
  • Konsiltasyon Ekriti Liv / Ebook
  • Konsiltasyon Storytelling ak Kominikasyon
  • Konsiltasyon Estrateji entelijans atifisyèl pou travay oswa biznis ou

Sèvis Nou Ede W Realize :

  • Ekri script videyo
  • Kreye plan kontni pou 30 jou
  • Korije / òganize ebook
  • Ekri ak korije memwa sòti inivèsite
  • Konseptyalize ebook pou vann
  • Kreye estrateji brand
  • Prepare diskou, prezantasyon, oswa mesaj piblik
  • Kreye prompt entelijans atifisyèl pou biznis ou ak kontni
Kategori 4

COACHING PRIVE (1-ak-1)

Yon pwogram pèsonalize pou pastè, pè, paran, lidè, politisyen, vandè, CEO ak enfliyansè ki vle aprann pale ak plis klète, otorite, emosyon ak konviksyon, pou yo ka enfliyanse, konvenk, dirije epi touche moun yo ap adrese yo.

Kesyon Moun Poze Souvan (FAQ)

Repons ki senp pou kesyon moun plis poze yo.

Kominikou peman an konfime (MonCash, Natcash oswa Kat), aksè w la debloke menm kote a. Ou ap jwenn tout fòmasyon w yo nan espas etidyan ou an.

Ou pare pou w moute nivo konpetans ou ?

Antre ansanm ak plizyè milye etidyan epi jwenn aksè dirèkteman nan pi bon fòmasyon nan peyi Ayiti.